The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


FE REYEL SOU DISKRIMINASYON KONT FANM ANSENT

Lwa sou Diskriminasyon Kont Fanm Ansent-la se yon amannman Tit VII Lwa sou Dwa Sivik 1964-la. Dapre Tit VII-la, diskriminasyon ki baze sou gwosès, nesans timoun ou ki gen rapò avèk pwoblèm medikal ki sòti nan gwosès ou nan nesans timoun, reprezante yon diskriminasyon ilegal ki baze sou sèks yon moun. Yon fi ki ansent oubyen ki gen yon pwoblèm medikal paske li ansent, fèt pou resevwa menm trètman ak lòt aplikan ou anplwaye ki genyen menm kapasite ou limitasyon.

GWOSES AK JWENN TRAVAY

Yon mèt travay pa ka refize anplwaye yon fi poutèt li ta gen pwoblèm ki gen rapò ak gwosès, toutotan fi sa-a kapab byen ranpli pi gwo fonksyon ki mache ak travay li-a. Yon mèt travay pa ka refize anplwaye fi sa-a non plis paske li gen prejije kont anpwlaye ki ansent oubyen poutèt prejije lòt anplwaye oubyen kliyan.

GWOSES AVEK VAKANS POU AKOUCHMAN

Yon mèt travay pa gen dwa pran pwoblèm medikal ki gen rapò ak gwosès kòm yon baz espesyal pou l deside si yon anplwaye gen kapasite pou l travay. Men sèlman, yon mèt travay kapab sèvi pou sa ak tout faktè li itilize kòm baz pou l pran desizyon sou kapasite lòt anplwaye. Pa egzanp, si yon mèt travay mande anplwaye li-yo prezante yon lèt doktè pou pwoblèm ki fè yo pa ka travay, anvan pou li ba yo konje-maladi oubyen peye yo benefis pou maladi, mèt travay-la gen dwa egzije menm lèt sa-a tou nan men anplwaye ki gen yon pwoblèm medikal poutèt yo ansent.

Si yon anplwaye pa kapab fè travay-li pandan yon peryòd paske li ansent, mèt travay-li fèt pou trete li menm jan li trete nenpòt lòt anplwaye ki genyen yon pwoblèm pwovizwa; pou patwon-an fè sa, pa egzanp, li ka bay anplwaye-a fè yon travay modifye, oubyen yon travay diferan, li ka ba li konje-maladi oubyen konje san peye.

Anplwaye ki ansent-yo fèt pou jwenn pèmisyon pou yo kontinye travay toutotan yo kapab fè travay-yo nòmalman. Si yon anplawye te absan nan travay-li poutèt yon pwoblèm ki gen rapò avèk kòmansman yon gwosès epi li refè, mèt travay-la pa gen dwa egzije pou li rete an konje jouktan pitit-la fèt. Yon mèt travay pa dwe genyen yon règleman ki entèdi yon anplwaye retounen nan travay apre yon akouchman pandan tout yon peryòd ki fikse davans.

Patwon-yo fèt pou konsève travay yon anplwaye ki an konje pou gwosès pandan menm longè tan li abitye rete tann yon anplwaye ki gen konje-maladi ou konje-andikap. 

ASIRANS SANTE

Tout asirans sante yon mèt travay bay anplwaye li-yo fèt pou kouvri depans pou pwoblèm medikal ki gen rapò ak gwosès, sou menm baz ki sèvi pou peye pou lòt pwoblèm medikal.

Patwon-an pa oblije bay asirans sante pou depans ki fèt pou dilatasyon (avòtman), sòf si lavi manman-an (te) an danje.

Patwon-an fèt pou ranbouse depans ki fèt pou gwosès menm jan li ranbouse depans ki fèt pou lòt pwoblèm medikal, kit pèman-an fèt sou yon baz fiks, kit li reprezante yon pousantaj nan yon pri rezonab e nòmal.

Mèt travay ki bay asirans-la kapab limite kantite lajan-an pou l rete egal-ego ak pri asirans pou lòt pwoblèm medikal. Pèsonn pa ka oblije mèt travay-la bay plis lajan,ni yon pousantaj ki pi gwo.

Si plan asirans-sante-a pa kouvri peman pou pwoblèm medikal ki te deja egziste anvan asirans anplwaye-a te antre ann aplikasyon, mèt travay-la gen dwa refize peye pou depans medikal ki fèt (ou dwe fèt) pou yon gwosès ki (te) deja egziste.

Mèt travay-yo fèt pou ofri madanm yon anplwaye menm kalite benefis sante yo ofri mari yon anplwaye.

LOT BENEFIS

Se pa anplwaye ki marye sèlman ki fèt pou resevwa benefis pou gwosès. Nan yon travay ki anplwaye fi sèlman, mèt travay-la fèt pou ofri benefis pou pwoblèm medikal ki gen rapò ak gwosès si li ofri benefis pou lòt pwoblèm medikal.

Si yon mèt travay ofri benefis pou anplwaye ki an konje, mèt travay sa-a fèt pou l ofri menm benefis-yo pou anplwaye ki an konje pou pwoblèm medikal ki gen rapò avèk gwosès.

Anplwaye ki gen pwoblèm medikal ki gen rapò avèk gwosès fèt pou resevwa menm trètman ak lòt anplwaye ki pa ka travay pandan yon bout-tan; se benefis yo bay pou ansyènte, vakans pwograme, ogmantasyon, epi benefis pou andikap pwovizwa.

KIJAN POU YON MOUN POTE PLENT

Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la pibliye nòt ki ka gide moun nan fason pou yo entèprete Lwa Sou Diskriminasyon Poutèt Gwosès-la (29 CFR 1604.10) -pami nòt sa-a yo, genyen kesyon ak repons sou lwa sa-a.

Moun ka pote plent kont diskriminasyon ki fèt poutèt gwosès nan nenpòt biwo rejyonal Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (U.S. Equal Employment Opportunity Commission). Gen biwo rejyonal nan 50 vil nan tout Etazini e moun ka jwenn telefòn biwo sa-yo nan pi fò annyè telefonik sou ribrik "Gouvènman Ameriken" (U.S. Government). Pou moun jwenn enfòmasyon sou tout lwa EEOC fè aplike, yo ka telefone gratis nan nimewo sa-a: 800-669-EEOC. Nimewo TDD gratis EEOC-a se 800-800-3302. Si moun fè demann-nan, yo ka jwenn dokiman sa-a sou lòt fòma.

 

Janvye 1994                                                                                                                                               EEOC-FS/HC-2


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page