The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


FE REYEL SOU DISKRIMINASYON KI GEN RAPO AVEK RAS/KOULE

Tit VII Lwa 1964 sou Dwa Sivik-la pwoteje moun kont diskriminasyon nan travay ki baze sou ras ak koulè e sou orijin nasyonal, sèks oubyen relijyon.

Li ilegal pou moun fè diskriminasyon kont yon anplwaye ou yon kandida ki aplike pou yon travay, ak?z ras-li oubyen koulè-li pou sa ki gen rap? ak anbochaj, revokasyon, pwomosyon, konpansasyon, estaj nan travay, oubyen sa ki gen rap? ak nenp?t ki l?t kondisyon ou privilèj nan travay. Se konsa tou, Tit VII-la entèdi yon mèt travay pran desizyon ki baze sou konsepsyon vag oubyen sipozisyon moun genyen jeneralman sou kapasite, aparans, oubyen rannman moun ki fè pati sèten gwoup rasyal. Tit VII-la entèdi ni diskriminasyon ki fèt ekspre, ni règleman administratif sou travay ki pa prevwa ase pozisyon pou manm minorite-yo lè w konpare kantite reprezantan minorite sa-a yo ki nan travay-la ak pousantaj-yo nan popilasyon-an,menm si règleman sa-a yo pa gen rap? ak travay.

Yo pa ka anpeche yon anplwaye oubyen yon kandida pou travay benefisye chans egal nan travay-la ak?z li marye oubyen li asosye avèk yon moun ki pa gen menm ras avèk li; ni ak?z li se manm oubyen li asosye avek yon ?ganizasyon ou yon gwoup rasyal kèlkonk; ni ak?z li konn asiste ou patisipe nan aktivite lek?l ou reyinyon adorasyon ke moun asosye jeneralman ak kèk gwoup minorite.

Karakteristik ak Sitiyasyon ki Gen Rap? ak Ras

Diskriminasyon ki baze sou yon karaktaristik ki pa ka chanje e ki gen rap? ak ras, tankou koulè po, aparans cheve, oubyen sèten trè vizaj, se diskriminasyon ki vyole Tit VII-la, menm si se pa tout manm ras-la ki genyen menm karakteristik-la.

Tit VII-la entèdi tou tout diskriminasyon ki baze sou yon sitiyasyon ki afekte sitou yon ras, eksepte si se travay-la ki mande pratik-la e si sa repoze sou nesesite ki prezante nan dy?b-la. Pa egzanp, k?m maladi "anemi falsif?m" se yon maladi ki tonbe sitou sou nwa-ameriken, yon politik ki anpeche yon travay anplwaye moun kap soufri ak "anemi falsif?m" dwe gen rap? ak jan travay-la fèt e repoze sou nesesite dy?b-la. Se menm jan tou, yon règleman administratif ki mande pou anplwaye-yo pa kite bab-yo pouse, se yon règleman ki ka fè diskriminasyon kont gason nwa ameriken-yo ki gen dispozisyon pou yo soufri avèk "pseudofolliculitis barbae" (move bouton nan figi), eksepte si règleman sa-a gen rap? ak egzijans travay-la e repoze sou nesesite dy?b-la menm.

Nwizans

Nwizans ki baze sou ras/ou koulè, vyole Tit VII-la. Remak rasyal, blag rasyal, k?mantè deplase ou ki manke dega, oubyen l?t konp?tman vèbal ou fizik ki baze sou ras ou koulè, reprezante yon nwizans ilegal, si konp?tman sa-a kreye nan travay-la yon anviwonnman ki fè yon anpwlaye sibi kraponnay, opozisyon oubyen nwizans, oubyen si sa gen move konsekans sou rannman anplwaye-a.

Separasyon ou Klasifikasyon Anpwlaye

Si yon travay separe anplwaye minorite-yo pou yo pa pran okenn kontak fizik ak l?t anplwaye-yo oubyen avèk kliyan-yo, travay sa-a komèt yon vyolasyon kont Tit VII-la. Tit VII-la entèdi tou tout politik ki ta fè yon antrepriz voye sitou anplwaye minorite-yo al' travay nan yon etablisman oubyen yon z?n jewografik kote majorite moun-yo s?ti nan yon gwoup minoritè. Li ilegal tou pou yo anpeche manm yon minorite okipe sèten pozisyon, ni pou yo regwoupe oubyen klase anplwaye-yo oubyen pozisyon-yo yon fason pou se manm minorite-yo ki toujou fè sèten travay. Si yon mèt travay oubyen yon ajans travay sèvi ak k?d nan aplikasyon oubyen nan kourikoul?mvite pou l deziye ras yon aplikan, sa reprezante prèv yon diskriminasyon kote mèt travay-la ou ajans-la anpeche minorite-yo jwenn travay oubyen okipe sèten pozisyon.

Ankèt Anvan Travay

Anvan yon patwon anpwlaye yon moun, si li mande enf?masyon ki revele (ou ki gen tandans revele) ras aplikan-an, sa ta vle fè kwè ke patwon sa-a pral itilize ras ilegalman k?m baz pou l anplwaye ou pa anplwaye moun-nan. Lè yon patwon mande enf?masyon konsa anvan li bay travay, moun ka sipoze li pral itilize enf?masyon-an k?m gid pou l pran yon desizyon sou kesyon pou konnen ki anplwaye pou l chwazi. Kididonk, si li pa bay manm yon gwoup minorite travay, gen posiblite pou yo itilize k?m yon prèv diskriminasyon le fèt ke li te chache enf?masyon konsa sou yo anvan li te deside kilès lap anpwlaye.

Sepandan, antrepriz-yo kapab gen yon rezon lejitim pou yo chache jwenn enf?masyon sou ras yon anplwaye oubyen yon aplikan: sa kapab gen rap? ak politik ki rele "affirmative action"-nan (yon politik ki vle bay minorite yo chans-yo pami gwoup majoritè-yo); menm jan sa ka gen rap? ak nesesite pou antrepriz-la konnen konbyen manm tèl ou tèl ras ki nan travay-la. Yon mwayen pou patwon-yo jwenn enf?masyon sou ras epi, an menm tan, evite tonbe nan diskriminasyon lè yap chwazi pami aplikan-yo, se pou yo sèvi ak yon f?m-aplikasyon ki gen 2 pati yo ka separe fasil pou idantifye ras aplikan-yo. Lè aplikan-an fin ranpli f?m-nan ak pati nan f?m-nan ki kapab detache-a, patwon-an va separe pati ki gen idantifikasyon ras-la e li pap itilize li nan moman lap chwazi kandida lap anplwaye-a.

Kijan Moun Pote Plent

Moun kapab pote akizasyon kont diskriminasyon pou ras avèk/oubyen koulè, nan nen?pt ki biwo rejyonal Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (U.S. Equal Employment Opportunity Commission). Gen biwo nan tout 50 eta-yo atravè Etazini, e telef?n-yo nan pi f? annyè-yo sou ribrik U.S. Government (Gouvènman Ameriken). Ou kapab rele nimewo sa-a tou: 1-800-669-4000, oubyen 1-800-669-6820 (TDD) pou yo mete ou an kontak avèk biwo rejyonal EEOC ki bon pou ou nan z?n kote ou rete-a. Pou yon moun jwenn enf?masyon sou tout lwa EEOC fè aplike yo, li kapab rele nimewo sa-a gratis:  1-800-669-EEOC oubyen 1-800-800-3302 (TDD). Tan limit pou yon moun pote plent devan EEOC se 180 jou apati de dat swadizan diskriminasyon-an te fèt-la, oubyen 300 jou nan Eta ki genyen Ajans pou Pratik Jis nan Travay (Fair Employment Practices Agencies).

Si ou te sibi diskriminasyon poutèt ras-ou oubyen koulè-ou, se posib ke ou gen dwa mande pou travay-la anplwaye ou, ba ou pwomosyon, reprann ou nan travay-ou, peye ou lajan ou pat touche, oubyen l?t rekonpans. Ou byen ka gen dwa resevwa domaj e enterè pou dedomaje ou pou lajan ou ka depanse oubyen lajan ou deja depanse, pou soufrans moral, deranjman, epi l?t pèt ki pa pèt lajan. Lajistis byen ka kondane antrepriz-la pou l sibi plis pinisyon toujou, si li te aji avèk mechanste ou avèk yon neglijans ki leze enterè-ou ke lwa federal-yo pwoteje. An plis de sa, ou kapab gen dwa mande pou patwon-an peye depans avoka-w.

Si yon moun fè demann-nan, li ka jwenn dokiman sa-a sou l?t f?ma.
 
 
 
 
 
 
 
 
 

Janvye 1999                                                                                                                                               EEOC-FS/HC-8


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page