The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


FE REYEL SOU DISKRIMINASYON POUTET LAJ

Lwa 1967 sou Diskriminasyon nan Travay Poutèt Laj-la (ADEA) pwoteje moun ki gen 40 an ou ki pi gran-moun toujou kont diskriminasyon nan travay ki baze sou laj. Pwoteksyon ADEA-a ofri yo valab ni pou anplwaye ni pou moun kap aplike pou travay. Dapre lwa ADEA-a, diskriminasyon kont yon moun (gason kou fi)poutèt laj-li, se yon bagay ilegal; diskriminasyon sa-a ka gen rapò avek nenpòt ki antant, kondisyon ou privilèj ki konsène travay-la --pami yo genyen sa nou pral di la-a (men se pa sa sèlman): desizyon pou bay travay, revokasyon, pwomosyon, konpresyon, konpansasyon, benefis, distribisyon travay, avèk estaj.

Li ilegal tou pou yon moun pran revanch kont yon lòt moun paske li leve kanpe kont pratik travay ki fè diskriminasyon ki baze sou laj, oubyen paske moun-nan pote plent kont yon diskriminasyon pou laj, paske li ta sèvi temwen ou byen li ta patisipe yon fason kèlkonk nan yon ankèt, nan yon seyans-depozisyon, oubyen yon pwosè ki fèt dapre lwa ADEA-a.

Lwa ADEA-a aplike pou patwon/l ki genyen 20 anplwaye oubyen plis -pami patwon sa-yo, genyen gouvènman lokal-yo ak gouvènman eta-yo. Li aplike tou ni pou ajans-travay ni pou òganizasyon sendikal, e pou gouvènman federal-la.

PWOGRAM APRANTISAJ

Jeneralman li ilegal pou pwogram aprantisaj-yo fè diskriminasyon ki baze sou laj yon moun --pami pwogram sa-yo, genyen pwogram aprantisaj ke patwona ak sendika mete ansanm pou yo ofri. Sèl jan pou limit nan laj valab nan yon pwogram aprantisaj, se pou limit sa-a tonbe nan sèten eksepsyon byen detèmine dapre Lwa ADEA-a oubyen si EEOC bay yon pèmi byen presi kòm eskiz.

ANONS AK REKLAM POU TRAVAY

Dapre Lwa ADEA-a, li ilegal pou moun mete preferans pou yon laj, pou yon limit nan laj oubyen yon laj presi nan anons ou reklam pou travay. Gen yon sèl grenn eksepsyon pou règ jeneral sa-a: yon anons ou reklam pou travay kapab presize yon laj-limit nan kèk sikonstans ra kote gen prèv ki montre ke laj reprezante an tout bòn fwa yon kalifikasyon pou yon moun okipe pozisyon-an e si larezon ka fè wè ke tèl ou tèl laj nesesè pou travay-la akonpli kòmsadwa.

ANKET POU PRAN MOUN NAN YON TRAVAY

Lwa ADEA-a pa di aklè yon patwon pa gen dwa mande yon aplikan laj-li oubyen dat li te fèt. Men sèlman, paske ankèt konsa kapab dekouraje travayè ki gen yon ti laj e ki ta vle aplike pou yon dyòb, oubyen ankò paske sa ka montre patwon an ka byen gen entansyon pou l komèt diskriminasyon ki baze sou laj, otorite-yo pral veye tout demann pou enfòmasyon sou laj, yon fason pou yo gen asirans demann sa-a fèt pou yon rezon legal, e non pa pou yon rezon ke Lwa ADEA-a defann.

BENEFIS

Lwa 1990 sou Pwotekson Benefis Pou Travayè/Amplwaye Granmoun-yo (OWBPA) te amande Lwa ADEA-a espre pou mete patwon-yo sou pinga-yo, pou yo pa refize bay anplwaye granmoun-yo benefis. Yon patwon kapab diminye benefis-yo poutèt laj si, e sèlman si, pri sa ap koute pou li bay anplwaye granmoun-yo benefis pi piti-a, se yon pri ki egal-ego ak kòb sa koute pou l ofri benefis pou jenn anpwlaye-yo.

KIJAN MOUN RENONSE DWA ADEA BAY

Sou demann yon patwon, yon moun ka aksepte renonse dwa li genyen ak reklamasyon li ka fè dapre Lwa ADEA-a. Men sèlman, poutèt amannman Lwa OWBPA-a pote nan Lwa ADEA-a, Lwa ADEA-a vini avèk kèk prensip minimòm presi ke moun dwe respekte pou otorite-yo kapab konsidere yon desizyon yon anplwaye pran pou li renonse dwa-li, se yon desizyon li pran an tout konesans e ak tout volonte-li,e konsa, se yon desizyon ki valab. Anplis lòt kondisyon ADEA poze pou yon desizyon konsa valab, genyen: (1) fòk li sou papye e fòk moun ka konprann sa ki ekri-a; (2) fòk li pale aklè sou dwa ak reklamasyon ADEA rekonèt yo; (3) li pa fèt pou elimine dwa ou reklamasyon ki kapab reparèt nan lavni; (4) fòk moun-nan resevwa yon rekonpans valab an retou; (5) fòk moun-nan resevwa konsèy, sou papye, pou l kontakte yon avoka anvan li siyen papye-a; epi (6) fòk moun-nan genyen, pou pi piti, 21 jou pou l reflichi sou akò-a e 7 jou, pou pi piti, pou l kraze akò-a apre li fin siyen li. Anplis sa, si yon patwon ap mande pou yon anpwlaye renonse dwa-li dapre Lwa ADEA-a, nan kad yon pwogram kote anplwaye-a ap kite travay-la, oubyen nan kad yon lòt pwogram kote lap mete fen nan travay anplawye-a,lè sa-a, kondisyon minimòm pou li resevwa yon desizyon valab sou kesyon-an vin ranfòse.

KIJAN POU MOUN POTE PLENT

Yon moun ka pote plent pou diskriminasyon kont laj nan nenpòt biwo rejyonal Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (EEOC). Genyen biwo rejyonal nan 50 vil nan tout Etazini e moun ka jwenn non-yo nan pifò annyè telefonik-yo sou ribrik "Gouvènman Ameriken" (U.S. Government). Ou kapab rele tou nan nimewo gratis sa-a: 1-800-669-4000 oubyen 1-800-669-6820 (TDD) pou ou konnen ki biwo rejyonal EEOC ki koresponn pi byen ak zòn kote ou rete-a. Pou yon moun jwenn enfòmasyon sou tout lwa EEOC fè aplike yo, li ka rele gratis nan nimewo sa-a: 1-800-669-EEOC oubyen 1-800-800-3302 (TDD).

Tan-limit pou yon moun pote yon plent devan EEOC, se 180 jou apre dat diskriminasyon ilegal-la fèt-la, oubyen se 300 jou nan Eta ki genyen Ajans Pou Pratik Jis nan Travay. Si ou te sibi diskriminasyon poutèt laj-ou, se posib ke ou gen dwa resevwa yon dedomajman; dedomajman sa-a se kapab posiblite pou yo ofri ou yon travay, ba ou pwomosyon, repran ou nan travay, peye lajan ou pat touche, peye ou pou tout depans ou fè pandan ou pap travay-la, avèk remèt ou lajan ou peye avoka-ou.

Si moun fè demann-nan, yo ka resevwa dokiman sa-a sou lòt fòma.

U.S. Equal Employment Opportunity Commission
Office of Communications and Legislative Affairs
1801 L Street, NW
Washington, DC 20507
 
 
 
 
 

Jen 1996                                                                                                                                                    EEOC-FS/HC-9


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page