The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


Yon Seri Sou Fè Reyèl

ABITRAJ

FÈ REYÈL SOU ABITRAJ

Abitraj se yon sòt de Chwa pou Solisyon nan Mezantant (abreje anglè: ADR) ke Komisyon Ameriken Pou Chans Egal nan Travay-la (EEOC) ofri kòm yon ranplasan pou ankèt tradisyonèl-la oubyen yon pwosè. Abitraj se yon demach non-fomèl kote yon 3zyèm moun san pati pri asiste 2 pati opoze ki mele nan afè-a, nan yon efò pou rive jwenn an tout bòn volonte e gras a negosyasyon, yon solisyon pou yon plent kont diskriminasyon. Desizyon pou aksepte yon abit-la, se yon desizyon ke ni pati ki te pote plent-la ni mèt travay-la pran ak pwòp volonte-yo sèlman. Abitraj-la bay 2 pati-yo yon chans pou yo diskite sou kesyon ki pale nan akizasyon-an, pou yo fè limyè sou mezantant-yo, detèmine enterè-yo ak sou kesyon kap chaje tèt-yo, jwenn pwen kote yo ka antann-yo e finalman fè tout kesyon kote yo kapab jwenn yon akò tounen yon eleman pou solisyon. Yon abit pa rezoud pwoblèm ki poze nan yon akizasyon, ni li pa enpoze yon desizyon sou 2 pati-yo. Okontrè, abit-la la pou l ede pati-yo antann-yo sou yon solisyon ke tou le 2 kapab aksepte. Travay abitraj-la, se yon bagay konfidansyèl nèt. Enfòmasyon yon pati bay pandan abitraj-la pa pral jwenn pèsonn -pa menm lòt anplwaye EEOC.

KIJAN ABITRAJ-LA MACHE?

Yon reprezantan EEOC ap pran kontak ak pati ki pote plent-la e ak mèt travay-la sou patisipasyon-yo nan pwogram-nan. Si tou 2 pati-yo dakò, EEOC ap fikse yon dat pou yon seyans abitraj dewoule anba direksyon yon abit ki resevwa fòmasyon pou sa e ki gen eksperyans. Menm si li pa nesesè pou yon moun genyen yon avoka oubyen lòt reprezantasyon pou l patisipe nan yon pwogram abitraj EEOC, chak nan 2 pati-yo gen dwa chache yon reprezantan legal si yo vle. Li enpòtan pou moun kap patisipe nan seyans abitraj-la genyen otorite pou l pran yon desizyon sou mezantant-la. Si abitraj-la pa bay rannman, EEOC ap mennen ankèt sou plent-la kòm nenpòt ki lòt plent. Enfòmasyon ki parèt pandan travay abit-la pa pral jwenn pèsonn -pa menm lòt anplwaye EEOC.

AVANTAJ ABITRAJ

Pou plis enfòmasyon sou pwogram abitraj EEOC-a, ou kapab pran kontak ak paj EEOC genyen sou entènèt-la. Ale sou www.eeoc.gov, oubyen kontakte biwo EEOC ki pi pre w la nan nimewo gratis sa-a: 1-800-669-4000 (vwa) oubyen 1-800-669-6820 (TTY).
 
 

Biwo Kominikasyon ak Afè Lejislatif
 
 
 
 
 

Mas 1999                                                                                                                                                   EEOC-FS-HC12


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page