The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


YON SERI KAP BA OU VERITE

ENFOMASYON SOU TI ANTREPRIZ

Ki kalte lwa Komisyon Sou Chans Egal Nan Travay?la fè respekte?

Komisyon Sou Chans Egal nan travay?la (EEOC) fè respekte lwa federal sa?a yo: Tit VII Lwa 1964 sou Dwa Sivik?la (Tit VII), Lwa sou Diskriminasyon nan Travay poutèt Laj?la (ADEA), Lwa sou Pèman egal?la (EPA), ak Lwa Sou Ameriken ki Andikape yo (ADA). Lwa sa-yo entèdi diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks, relijyon, orijin nasyonal, laj, andikap oubyen revanch kont anplwaye ki pran pozisyon kont diskriminasyon, ki pote plent oubyen ki patisipe nan yon pwosedi lalwa prevwa. EEOC gen manda pou l detèmine, yon jan ki jis e objektif, si moun vyole lwa li fè respekte yo.

Ki kalte ti anprepriz ki konsène?

Lwa-yo konsène tout antrepriz prive, antrepriz leta e lokal yo, ak enstitisyon edikatif ki anplwaye 15 moun ou plis, sòf Lwa ADEA?a ki konsène antrepriz ki gen 20 anplwaye ou  plis. Lwa sa-yo konsène tou ajans prive e piblik kap ede moun chache travay, sendika-yo ak komite ki fòme ak manm sendika e patwon kap kontwole aprantisaj avèk fòmasyon.

Ki le anplwaye yo kapab pote plent?

Anplwaye yo dwe pote plent devan EEOC?a nan yon peryòd ki pa depase 180 jou apre dat yo te sibi swadizan diskriminasyon?an. Si patwon?an gen pou konfòme l tou ak Lwa nan nivo lokal oubyen nan nivo Eta sou diskriminasyon nan travay, tan pou moun pote plent devan EEOC?a ap pwolonje pou 300 jou.

Kouman pou moun pote plent devan EEOC?

Nenpòt moun ki kwè yo vyole dwa?li nan travay?li poutèt ras?li, koulè, sèks, relijyon, orijin nasyonal, laj, andikap?li oubyen pou revanch, moun sa?a kapab pote plent pou diskriminasyon devan EEOC. Dapre lalwa, EEOC fèt pou l aksepte plent?la.

Anketè EEOC?yo fè entevyou avèk moun ki pote plent pou diskriminasyon nan travay?la, pou wè si ensidan?an antre nan limit jiridiksyon komisyon?an. Anketè yo analize an detay esplikasyon moun ki pote plent?la bay sou swadizan vyolasyon?an e sou dat sa te pase?a. Yo evalye enfòmasyon?an pou wè si plent?la merite pou yo pouswiv li. Selon rezilta evalyasyon?nou, nou va fè moun ki pote plent?la konnen si nou pral mennen ankèt oubyen si nou rejte plent?la imedyatman.

EEOC gen 10 jou pou l fè patwon konsène?a konnen li aksepte yon plent. Lè yap enfòme patwon?an, responsab?yo abitye voye ba li yon kopi plent?la ki idantifye rapidman (a) moun ki pote plent?la, (b) baz swadizan vyolasyon?an e kisa vyolasyon sa?a ye, (c)dat swadizan vyolasyon?an te rive?a, epi (d) yon esplikasyon sou obligasyon patwon?an genyen pou l konsève tout dosye ki gen rapò ak plent?la. Nan enfòmasyon otorite-yo ap voye bay patwon?an, yo byen kapab mete devan li tou lide pou yon medyatè ede 2 pati?yo jwenn yon antant.

Eske yon ti anprepriz kapab chache antant pou rezoud yon plent san yon ankèt?

Wi! EEOC genyen yon pwogram medyasyon gratis. Se yon pwogram volontè nan tout etap pwosedi?a. Medyatè ki pa nan patipri bay patwon yo ak moun ki pote plent yo yon okazyon pou yo jwenn yon solisyon 2 pati yo aksepte, pandan yap travay san pèdi ni tan?yo ni lajan-yo.

Sizoka medyasyon?an pa ta debouche sou yon antant, yo pral mennen yon ankèt sou plent?la. Nan ankèt EEOC?a, responsab-yo pa pral itilize enfòmasyon pati konsène yo te bay pandan medyasyon?an. Anplis sa, dapre lalwa, medyatè yo fèt pou yo kenbe sekrè sou enfòmasyon ki gen rapò ak medyasyon?an; yo pa gen dwa voye enfòmasyon sa-a yo bay ekip anketè EEOC?a.

Kijan EEOC mennen ankèt sou yon plent pou diskriminasyon nan travay?

Yon anketè EEOC ap mande patwon?an pou l reponn plent?la e pou l bay prèv ki apwiye repons?li. EEOC abitye mande yon repons sou papye; men sèlman, responsab?yo kapab al fè vizit nan travay?la pou yo revize dokiman yo e pou yo fè entevyou. Menm si se pa tout tan sa nesesè, si yon patwon pa kite anketè EEOC?yo antre nan travay?la oubyen si li pa ba yo enfòmasyon yo mande li, komisyon?an kapab voye yon manda kap fòse patwon?an bay antre lib sa?a, e lap bay tou dokiman ou temwayaj. Depi nou fin resevwa deklarasyon sou pozisyon patwon?an e depi nou fin jwenn prèv nan men?li, EEOC pral deside si pou l rapouswiv ankèt?la, pwopoze yon antant, oubyen rejte plent?la.

Ki dwa yon moun genyen apre yo fin rejte plent-li?

Si EEOC deside pa gen ase prèv pou montre yon vyolasyon te fèt vre, anketè ki sou dosye?a ap esplike pati ki pote plent?la pou ki rezon li pran desizyon sa?a. Yap bay moun?nan yon lèt kap montre li gen dwa fè yon pwose nan tribinal federal. Lwa EEOC fè respekte yo bay pleyan?an dwa pou?l pote plent nan tribinal nan yon peryòd 90 jou, apre dat li te resevwa lèt ki di komisyon?an rejte plent?la. Lwa yo bay pleyan?an pèmisyon tou pou l chwazi pote plent nan yon tribinal federal, pase pou li rete tann rezilta ankèt EEOC?a. Nan kèk ka, EEOC kapab voye yon avi bay plenyan?an pou di l li gen dwa pran yon aksyon nan lajistis, si plenyan?an mande sa.

Kisa EEOC ap fè si li jwenn gen vyolasyon ki te fèt vre?

Si EEOC deside gen kòz rezonab pou l kwè ke yon zak diskriminasyon te fèt vre, anketè?a ap esplike patwon?an pou ki rezon li pran desizyon sa?a. Apre sa, yap ekri patwon?an pou mande l kòmanse diskite sou yon antant. Objektif diskisyon sa?yo, se pou elimine diskriminasyon?an e pou yo bay pleyan?an ak tout lòt moun konsène yon soulajman si sa apwopriye, san afè?a pa bezwen ale nan tribinal. Negosyasyon yo ap kontinye pandan yon peryòd rezonab, jouk afè?a fin rezoud oubyen jouk patwon?an ta echwe nan efò pou l jwenn yon antant. Moun ki abitye siyen akò?yo, se pleyan?an, patwon?an, ak direktè biwo EEOC?a.

Nan ki sikonstans EEOC ap pote yon plent devan yon tribinal federal?

Si efò pou jwenn yon antant ta echwe, EEOC ap deside si li pral fè pwose kont patwon yon antrepriz prive oubyen si li pral rekòmande pou depatman jistis fè pwose kont yon patwon nan nivo gouvènman Eta ak gouvènman lokal. Si EEOC deside li pap fè pwose?a, lè sa?a lap bay pleyan?an dwa pou l tanmen yon pwose nan tribinal federal.

* * *


Si ou bezwen plis enfòmasyon sou ti antrepriz, tanpri vizite paj EEOC?a sou entènèt?la. Adrès-la se www.eeoc.gov, oubyen pran kontak ak biwo EEOC ki pi pre w la nan mimewo sa?a: 1?800?669?4000 (VWA) oubyen 1?800?669?6820 (TTY)

Piblikasyon #  EEOC-FS-HC13


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page