The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


KESYON AK REPONS SOU NWIZANS SEKSYEL

KIJAN YO IDANTIFYE NWIZANS SEKSYEL

KISA NWIZANS SEKSYEL YE?

Nwizans seksyèl se yon fٍm diskriminasyon poutèt sèks ki se yon vyolasyon Tit VII Lwa 1964 sou dwa sivik-la. Règleman EEOC yo defini 2 kalte nwizans seksyèl:"Ban mwen ma ba ou" avèk "anviwonnman ostil."

KISA KI NWIZANS SEKSYEL "BAN MWEN MA BA OU"-A?

Avans seksyèl ki pa jwenn bon akèy, demann pou favè seksyèl ak lٍt kondwit vèbal ou fizik ki gen rapٍ ak aktivite seksyèl reprezante nwizans seksyèl "ban mwen ma ba ou" lè (1) kondwit sa-a vini -yon fason dirèk ou endirèk- kٍm kondisyon pou yon mèt travay oubyen yon sipèvizè anplwaye yon moun, oubyen (2) mande yon moun pou li aksepte kondwit sa-a oubyen, si li pa dakٍ, sa ap sèvi kٍm baz lè yap pran desizyon nan travay-la ki pote konsekans pou moun sa-a.

KISA YO RELE NWIZANS SEKSYEL SOU FOM "ANVIWONMAN OSTIL"?

Avans seksyèl ki pa jwenn bon akèy, demann pou favè seksyèl avèk lٍt kondwit vèbal ou fizik ki gen yon rapٍ ak aktivite seksyèl, pase pou nwizans seksyèl ki pwovoke yon "anviwonnman ostil", lè kalte kondwit sa-a ap chache genyen (ou li deja genyen) move konsekans sou rannman anplwaye-a oubyen lè sa kreye yon anviwonnman kraponnay, ostil, oubyen ki manke-dega nan travay-la.

KI FAKTE KI KA SEVI POU MONTRE KE YON ANVIWONMAN "OSTIL?"

Kesyon santral-la, se èske kondwit-la "gen move konsekans sou rannman moun-nan" oubyen èske sa kreye "yon anviwonman kraponnay, ostil ou manke-dega nan travay-la." Pou EEOC-a detèmine si yon anviwonnman ostil, lap gade faktè sa yo:(1)Eske kondwit-la te vèbal ou fizik oubyen tou lè 2; (2)konbyen fwa sa te repete; (3)èske kondwit sa-a te ostil oubyen manke moun nan dega aklè; (4)èske moun kap (ou ki tap) komèt nwizans-la se yon kolèg oubyen yon sipèvizè; (5)èske gen lٍt moun ki te patisipe nan nwizans-la; e (6)èske nwizans-la te fèt kont plizyè moun. Pyès nan faktè sa-a yo pa pi enpٍtan pase lٍt yo. EEOC ap fè yon evalyasyon total sikonstans ki (te) antoure zak-la.

KI SA YO RELE KONDWIT SEKSYEL KI PA JWENN BON AKEY?

Kondwit seksyèl se yon zak ilegal sèlman lè li pa jwenn bon akèy nan men moun li vize-a. Fٍk anplwaye-a pa dakٍ ak kondwit-la, sa ki vle di fٍk li pat chache sa oubyen li pat ankouraje sa, e sa vle di tou fٍk anplwaye-a konsidere kondwit-la kٍm yon kondwit li pa vle oubyen yon mank-dega.

KIJAN EEOC AP DETEMINE SI YON KONDWIT PAT JWENN BON AKEY?

Lè EEOC jwenn prèv kontrè youn ak lٍt, nan yon ankèt ki mennen pou montre si kondwit-la te jwenn bon akèy, komisyon-an pral etidye tout dosye-a e tout sikonstans yo; lap evalye sitiyasyon-an sou yon baz youn-pa-youn. Ankèt-la dwe detèmine si konpٍtman viktim-nan tonbe dakٍ ou non avèk deklasyon-li, kٍmkwa èske kondwit seksyèl li denonse-a pat jwenn yon bon akèy.

KIJAN YO IDANTIFYE NWIZANS SEKSYEL (kontinye)

KILES KI KAPAB VIKTIM NWIZANS SEKSYEL?

Viktim-nan kapab yon fanm oubyen yon gason. Li pa nesesè pou viktim-nan genyen sèks opoze. Viktim-nan pa oblije se moun ki sibi nwizans-la, men se kapab nenpٍt moun ke kondwit manke-dega-a afekte.

KILES KI KAPAB KOMET NWIZANS SEKSYEL?

Moun sa-a kapab se yon fanm oubyen yon gason. Moun sa-a kapab se sipèvizè viktim-nan, yon ajan patwon-an, yon sipèvizè nan yon lٍt seksyon, yon kٍlèg, oubyen yon moun ki pa anplwaye.

ESKE SA KI PASE YON SEL FWA KAPAB GADE TANKOU NWIZANS SEKSYEL?

Sa depann. Nan ka "Ban mwen ma ba ou" yo, yon sèl avans seksyèl kapab pase pou nwizans si sa lakٍz yo bay (oubyen refize bay) moun ki viktim-nan travay oubyen benefis nan travay-la. Men, si se pa yon move kondwit grav, yon sèl ensidan oubyen kèk ensidan izole ki gen rapٍ ak yon kondwit seksyèl deplase oubyen yon kٍmantè deplase, pap kreye yon "anviwonnman ostil." Yon plent kont yon anviwonnman ostil egzije pou pleyan-an montre ke akize-a abitye manifeste yon kondwit ke li-menm, pleyan-an, li konsidere kٍm yon mank-dega. Sepandan, yon sèl grenn egzanp nwizans seksyèl grav ki pa abitye fèt, kapab ase pou l reprezante yon vyolasyon Tit VII-la. Plis nwizans-la pi grav, se mwens li nesesè pou viktim-nan pwouve ke yon seri ensidan konsa te rive deja. Sa se yon verite espesyalman lè nwizans-la gen rapٍ fizik ladan. Pa egzanp, si yon moun te fè eksprè li touche pati prive yon lٍt e lٍt-la pat kontan jès sa-a, se yon konpٍtman ki ofansif ase pou li chanje anviwonnman travay viktim-nan e se yon vyolasyon Tit VII-la.

ESKE YON KOMANTE KAPAB PASE POU NWIZANS SEKSYEL?

Wi. EEOC ap evalye tout sikonstans yo, pou l kapab wè nati komantè-a, konbyen fwa akize-a te fè komantè sa-a, kontèks-li e pou kisa li te fè komantè-a. Pami faktè ki kapab gen enpٍtans yo, genyen: (1)èske komantè-a te ostil e imilyan; (2)èske swadizan akize-a te vize moun ki pote plent-la; (3)èske moun ki pote plent-la te patisipe nan konvèsasyon-an; e (4) ki relasyon ki genyen ant moun ki pote plent-la e moun ki swadizan komèt nwizans-la.

KISA YON MOUN KI VIKTIM NWIZANS SEKSYEL FET POU L FE?

Viktim-nan fèt pou li enfٍme moun ki komèt nwizans-la yon fason dirèk ke li pa apresye kondwit sa-a e sa fèt pou sispann. Li enpٍtan pou viktim-nan di konsa li pa kontan ditou ak kondwit-la, espesyalman lè swadizan akize-a kapab gen kèk rezon pou li kwe ke avans-la jwenn yon bon akèy. Sepandan, se pa tout lè yon moun ki viktim nwizans fèt pou pale yon fason dirèk avèk moun kap komèt nwizans-la, depi konpٍtman viktim-nan demontre li pa byen akeyi kondwit moun kap komèt nwizans-la. Viktim-nan fèt pou pote plent bay patwon-li swivan metٍd ki la pou sa. Si metٍd sa-yo pa bay bon rezilta, viktim-nan fèt pou pran kontak avèk EEOC-a pi bonè li kapab (gade pati "Kijan ou pote Plent"-la).

KIJAN YON MOUN KA ANPECHE NWIZANS SEKSYEL

KI DISPOZISYON EGZAK YON PATRON KAPAB PRAN POU ANPECHE NWIZANS SEKSYEL?

Dispozisyon pou anpeche nwizans seksyèl se pi bon zouti yon moun ka sèvi pou elimine pwoblèm konsa nan travay-la. Nou ankouraje patwon yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou yo anpeche nwizans seksyèl rive. Yon bon jan pwogram pou moun pran devan yon sitiyasyon konsa, se pwogram ki fèt pou eksplike aklè yon politik kont nwizans seksyèl, e yo fèt pou bay anplwaye-yo enfٍmasyon regilyèman sou politik sa-a yon fason klè, epi responsab travay-yo fèt pou mete politik sa-yo ann aplikasyon. Patwon-an dwe soulve kesyon-an devan tout sipèvizè e devan tout anplwaye; li fèt pou montre li pap tolere zak konsa e se pou l eksplike ki kalte sanksyon kap tann nenpٍt moun ki komèt nwizans seksyèl.

ESKE YON PATRON DWE TABLI PWOSEDI POU KOLTE AK PWOBLEM SA-A?

Patwon-yo fèt pou prepare yon pwosedi pou regle plent kont nwizans seksyèl. Yo dwe tabli pwosedi sa-a yon fason kap ankouraje moun ki viktim nwizans seksyèl pou yo pote plent, e pwosedi-a pa fèt pou li egzije viktim-nan soumèt plent-li devan yon sipèvizè anvan, si se sipèvizè sa-a ki komèt nwizans-la. Patwon-yo kapab fè sa, si yo tabli yon pwosedi ki bay bon rezilta lè moun pote plent, e si yo pran aksyon apwopriye tou swit lè yon anplwaye pote plent. Pwosedi-a fèt pou prevwa pou dosye-a rete sekrè, toutotan sa posib, e li dwe ofri bon jan koreksyon, san bliye pwoteksyon pou viktim-yo ak temwen yo kont revanch.

KI SA KAP PASE SI PATRON-AN DI LI ELIMINE NWIZANS-LA?

Lè yon patwon di li pran dispozisyon pou korije nwizans-la, EEOC-a ap mennen ankèt pou konnen si patwon-an te pran aksyon-an touswit, èske se yon aksyon apwopriye e èske li bay bon rezilta. Si EEOC-a reyalize vrèman ke nwizans-la disparèt, viktim yo satisfè, e gen bon jan dispozisyon kap anpeche sa repete, Komisyon-an ap fèmen dosye-a paske patwon-an te prese pran aksyon ki korije sitiyasyon-an.

KIJAN POU MOUN POTE PLENT?

KIJAN MWEN KAPAB POTE PLENT KONT DISKRIMINASYON?

Ou kapab pote plent sa-a nan nenpٍt biwo Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (U.S. Equal Employment Opportunity Commission). Genyen biwo sa yo nan 50 vil ameriken e ou kapab gade nan annyè telefonik lokal (nan paj ki bay nimewo Gouvènman Ameriken-an).Pou ou pran kontak ak biwo EEOC ki pi pre w la, ou kapab rele nan nimewo gratis sa-a: 800-669-4000. Si ou bezwen plis enfٍmasyon sou nwizans seksyèl ak enfٍmasyon sou tout lwa EEOC fè aplike yo, ou ka rele nan nimewo gratis sa-a: 800-669-EEOC. Nimewo gratis EEOC pou moun ki pa tande byen, se 800-800-3302.

KONBYEN TAN YON MOUN GENYEN POU POTE YON PLENT KONT DISKRIMINASYON?

EEOC dwe resevwa yon plent kont diskriminasyon ki baze sou sèks avan 180 jou pase, aprè dat swadizan diskriminasyon-an te fèt-la; tan 180 jou-a lonje, pou tounen 300 jou, si gen ajans lokal oubyen nan nivo Eta-a kap okipe fè respekte lwa ki defann menm kalite zak ki fè moun nan ap pote plent-la. Men, li pi bon pou EEOC resevwa plent-la touswit aprè zak diskriminasyon-an fin fèt, pou moun kap pote plent-la ka pwoteje dwa-li.

KI KALTE PREV EEOC PRAL ANALIZE POU KONNEN SI YON NWIZANS SEKSYEL TE FET VRE?

Lè EEOC ap mennen ankèt sou plent kont nwizans seksyèl, lap analize dosye-a totalman: sikonstans-yo, tankou ki kalte avans seksyèl ki te fèt, e nan ki kontèks swadizan zak-yo te rive. EEOC rekonèt ke yon kondwit seksyèl kapab se yon bagay ki te fèt an prive e se posib ke pat gen okenn temwen la. Yo pral analize tout kalte prèv.

EEOC pral mennen ankèt tou pou konnen si viktim-nan te plenyen oubyen pwoteste. Se vre, plent oubyen pwotestasyon ap ede viktim-nan; men se pa yon eleman ki nesesè. Viktim yo kapab pa plenyen kont nwizans, paske yo pè pou yo pa sibi zak revanch, e perèz sa-a kapab eksplike pou kisa viktim-nan te rete tann anvan li montre opozisyon kont kondwit-la. Si viktim-nan pat plenyen oubyen si li te pran reta pou pote yon plent, ankèt-la dwe konnen pou ki rezon.

SI M POTE PLENT KONT DISKRIMINASYON, KI SOULAJMAN OUBYEN DEDOMAJMAN MWEN KAPAB JWENN?

Si prèv montre ke ou sibi yon zak diskriminasyon poutèt sèks-ou, ou fèt pou jwenn yon dedomajman kap fè yo mete w nan pozisyon ou tap okipe si ou pat viktim diskriminasyon-an. Ou kapab kalifye tou pou yo anboche ou, ba ou pwomosyon, pou yo reprann ou nan travay-la, ba ou lajan ou pat touche, ak lٍt rekonpans. Ou kapab kalifye tou pou domaj-enterè pou dedomaje ou pou lajan ou ka pèdi nan lavni, e pou soufrans mantal ak kontraryete. Kapab gen plis pinisyon tou si yon patwon te aji avèk mechanste oubyen ak yon endiferans ki pa nٍmal. Ou kapab kalifye tou pou yo remèt ou lajan ou te peye avoka.

ESKE PATRON MWEN KA TIRE REVANCH POUTET MWEN POTE PLENT BAY EEOC?

Li ilegal pou yon patwon oubyen yon ajans ki anba jiridiksyon EEOC tire revanch kont yon moun ki pote plent kont diskriminasyon, ki patisipe nan yon ankèt, oubyen ki pa dakٍ ak pratik diskriminatwa. Yon moun ki kwè li te sibi revanch dwe pran kontak ak EEOC touswit. Menm si li te deja pote yon plent pou diskrimnasyon, li ka pote yon lٍt plent pou revanch.

KI KALTE LWA EEOC FE APLIKE?

EEOC fè aplike Tit VII Lwa 1964 sou dwa sivik-la, ki defann diskriminasyon nan travay ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks oubyen orijin nasyonal; Lwa sou diskriminasyon nan Travay Akٍz Laj; Lwa sou Peman Egal; lwa ki entèdi diskriminasyon kont moun ki kalifye e kap travay nan gouvènman federal-la; kèk seksyon nan Lwa 1991 sou dwa sivik-la; epi Tit I Lwa sou Ameriken ki Andikape yo, ki defann diskriminasyon nan travay kont moun kalifye ki andikape nan sektè prive-a ak nan gouvènman-an, nan nivo Eta ou lokal.

ENFOMASYON SA YO SE YON RALE JENERAL SOU NWIZANS SEKSYEL E YO PA GEN MENM FOS AK OPINYON LEGAL.





Desanm 1992                                                                                                             EEOC-BK-SH/HC


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page